Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 14 - Sòlda Jezu-Kri Debou, Lè-a rive
Réveillons-Nous

14 Sòlda Jezu-Kri Debou, Lè-a rive

1

Sòlda Jezikri debou, lè a rive

Sovè nou prale parèt, an nou leve

PItit Bondye ap lite nan tout peyi

Pou nou ranvèse wayòm movèzespri.

refren

N ap reziste _(2 fwa)

Lannwit, lajounen toutan n ap reziste;

N ap reziste _(2 fwa)

N ap konbat wayòm Satan n ap reziste.

2

Kont tout tantasyon Satan, n ap reziste.

Kont tout atirans lajan, n ap reziste

Kont lemonn avèk plezi, n ap reziste

Kont tout movèzespri, n ap reziste.

3

Kont tout kalite peche, n ap reziste

Kont tout move karaktè, n ap reziste

Kont lògèy avèk gwo san, n ap reziste

Kont tripotaj, medizans, n ap reziste

4

Kont Satan, kont maladi, n ap reziste

Malgre tout sa n ap soufri, n ap reziste

Nan lavi kòm nan lanmò, n ap reziste

Andedan kòm andeyò, n ap reziste.

5

Malgre nou nan tout mizè, n ap reziste

Malgre nou soufri grangou, n ap reziste

Malgre kò nou touni, n ap reziste

Malgre soufrans sou tè sa a, n ap reziste.

6

Zanmi nou mèt kite nou, n ap reziste

Menm si fanmi kite nou, n ap reziste

Yo te mèt kritike nou, n ap reziste

Menm Jezi te konn soufri, n ap reziste.

← Previous song13Letènèl Konnen Kretyen Satan Genyen PisansNext song →Mwen si kontan15