Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 13 - Letènèl Konnen Kretyen Satan Genyen Pisans
Réveillons-Nous

13 Letènèl Konnen Kretyen Satan Genyen Pisans

1

Kretyen, Letènèl konnen

Satan genyen pisans

Li fè nou nan prezans li,

Lave nou toulejou

Priye veye jou e nwi,

Satan pa nan dòmi.

Jezi la toulejou

Si n konfye n nan li sèl.

refren

Jezi sove nou, li delivre nou,

Jezi la, li avèk nou, li pa pi lwen. _(2 fwa)

2

Lè m te chita nan Legliz,

M te di m ansyen;

M te mete baryè

Pou levanjil pa preche,

Kris konnen moun li chwazi

Pou preche levanjil

Fòk mwen preche levanjil,

Jezi ban mwen pisans.

3

Levanjil ki pou preche

Pou kè yo konvèti

Fòk se pas an ak lachè

Lògèy, filozofi.

Obeyisans nan lafwa

Ak pisans Sentespri

Sentespri la toutan

E li va ede nou.

4

Lè m t ap chwazi relijyon

M te chaje ak lògèy,

Moun pa t pale avèk mwen

Pou m pat bay repons,

Lè Jezi rantre nan kè mwen.

Mwen vin chanje konplètman.

Kris fè m konnen l pran chay mwen

Se pou m rete kote l.

← Previous song12Ann Mete-n Pre Pou JezuNext song →Sòlda Jezu-Kri Debou, Lè-a rive14