Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 56 - Koute Vwa Jezu Ki Nan Dezè-a
Réveillons-Nous

56 Koute Vwa Jezu Ki Nan Dezè-a

1

Koute vwa Jezi ki nan dezè a

L ap chèche mouton ki pèdi yo

Mouton ki egare lwen patiraj la

L ap fè yo rantre nan pak la

refren

Vini, vini, mouton ki pèdi yo

Vini, vin jwenn mwen

Bèje w ap chèche w

Men vwa m nan dezè a ape rele ou,

E de bra m louvri pou m resevwa ou

Vin jwenn mwen

2

Sonje te gen 100 mouton nan pak la

Genyen youn ki te egare

Byen lwen nan mòn nan, nan vale a

Li te twouse pye l, l al chèche l.

3

Li te kite katrevendiznèf yo

Pou l ale chèche yon sèl la.

E lè l te jwenn li. li te tèlman kontan

E sou zepòl li, li pote l.

4

Sonje ti gason ki te pèdi a

Li te mande papa l byen pa l

E lè l te pati fin depanse yo;

Li te oblije retounen.

5

Ou menm si ou vle vini jodi a tou

Konsa li va resevwa ou

Li te pote lòt la sou zepòl li

L a akeyi ou nan bra li.

← Previous song55Lè Lavi mwen Va FiniNext song →Sa fe sink mil ane pase57