Bèl ti reyon solèy sa a,
Ki moun ki fè w klere konsa?
Se Bon Papa nou. _(2 fwa)
Ti zwazo ak bèl koulè,
Ki moun ki fè w chante tout lè?
Se Bon Papa nou. _(2fwa)
Se Bondye nan Syèl ki Papa nou,
Se li ki fè nou, li plen lanmou.
Bèl ti flè k ap rejwi nou,
Ki moun ou konnen ki fè ou?
Se Bon Papa nou. _(2fwa)
Bèl ti rivyè k ap koule,
Ki moun ki fè w, èske ou konnen?
Se Bondye Papa nou. _(2 fwa)
Timoun ti figi byen fre,
Ki moun ki fè kè ou si lejè?
Se bon Papa nou. _(2 fwa)
Ki moun montre ou chante
Kou ti zwazo ki toujou ge?
Se bon Papa nou. _(2 fwa)