Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 136 - mwen santi-m byen kontan pou-m sèvi Roua a
Chant D'Espérance

136 mwen santi-m byen kontan pou-m sèvi Roua a

1

Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a

Mwen byen kontan, wi byen kontan ;

Mwen gen lapè, lajwa pase tout bagay,

Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

Kè

M ape sèvi pi gran Wa a,

Chak talan m li resevwa;

Mwen gen lapè, lajwa, tout bagay,

Lè m sèvi pi gran Wa a.

2

Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a

Mwen byen kontan, wi byen kontan ;

Malgre solèy, malgre nyaj, m ava chante

Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

3

Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a

Mwen byen kontan, wi byen kontan ;

M a kite men l dirije mwen pazapa

Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

4

Mwen santi m byen kontan pou m sèvi Wa a

Mwen byen kontan, wi byen kontan ;

Tout sa m genyen, pou travay li m kontan bay,

Lè m ap sèvi pi gran Wa a.

← Previous song135Ti réyon bèl solèy laNext song →gen yon koté mwen kab pozé137