Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 121 - Prémié Noèl zanj la te palé
Chant D'Espérance

121 Prémié Noèl zanj la te palé

1

Premye Nwèl zanj la te pale

Bèje yo nan plèn kote yo rete,

Nan plèn kote yo gade mouton,

Yon nwit fredi ki te fè nwa.

Kè

Nwèl, Nwèl, Nwèl, Nwèl

Jezi te fèt Wa Izrayèl.

2

Yo gade syèl la e yo wè

Yon foul bèl zanj yo ki t ape chante:

Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la

E sou latè lapè e bòn volonte.

3

Avèk limyè yon bèl zetwal,

Kèk maj te soti nan yon peyi byen lwen,

Ak entansyon pou yo chèche yon Wa,

E yo swiv zetwal la kote li ale.

4

Zetwal la mache tout lannwit,

Rive Bètleyèm, li pa kontinye.

Li rete la e li poze

Tou jis kote Jezi te kouche.

5

Alò, maj sa yo vini pou antre,

Ak gran respè yo mete ajenou,

E yo ofri li tout sa yo pote:

Anpil lò, lami, ak lansan.

6

Nou menm tou se pou nou mete ansanm

Pou chante louwanj Senyè nou ki nan Syèl,

Ki pa t bezwen anyen pou fè syèl ak tè

E ki vini pou sove nou.

← Previous song120Nap chante yon kantik NoèlNext song →An-n chante louanj Bondye papa nou122