Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 120 - Nap chante yon kantik Noèl
Chant D'Espérance

120 Nap chante yon kantik Noèl

1

N ap chante yon kantik Nwèl

Bèl fèt ki fè nou tout kontan!

Jou Nwèl nan tan lontan,

Jezikris te vini sou latè.

Li te desann pami lèzòm,

Kon yon timoun.

E l ap voye bòn volonte

Ak lapè pou tout moun!

Kè

Sonnen byen bèl

Tout klòch Nwèl

Lè Kris vini

Pou ret ak nou.

Emanyèl, non ki si bèl.

2

Bèje yo koute, tout sezi,

Lè zanj lan bay bon nouvèl la.

Tout foul zanj yo t ap chante:

Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la

Ki gran lanmou li gen pou nou,

Ki fè l desann.

Premye Nwèl, jou sa a si bèl

Bèl pou tout moun

3

N ap tande bèl kantik ankò,

E n ap vini prese, prese.

Nou vle ofri l yon kado,

Se pa lò men kè nou n ap pote.

Li te vini, Li te soufri Jis nan lanmò,

Pou mennen nou, ak tout moun tou,

Nan bèl syèl la.

← Previous song119O Senyè, nou pòté rémèsimanNext song →Prémié Noèl zanj la te palé121