Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 50 - Pran La Vi-m, Senyè Jezi
Chant D'Espérance

50 Pran La Vi-m, Senyè Jezi

1

Pran lavi m, Senyè Jezi,

Mwen vle konsakre l ba ou.

Pran chak è e pran chak jou,

Tout tan mwen vle louwe ou. _(2 fwa)

2

Pran men mwen yo, Jezikri,

E sèvi ak yo, tanpri.

Pran pye mwen yo tou, Senyè,

Pou kouri pou ou tout è. _(2 fwa)

3

Pran vwa mwen, e kite mwen

Chante pou ou, ki Wa mwen.

Pran lèv mwen yo, ranpli yo

Ak mo ki soti anwo. _(2 fwa)

4

Pran lò mwen ak lajan m tou,

Tou sa m genyen se pou ou.

Pran lespri m ak tout fòs mwen,

Sèvi ak yo jouk lafen. _(2 fwa)

5

Pran volonte pa m Senyè;

Sa ou vle, se sa m a fè.

Pran kè mwen, li pou ou tou,

Li va sèvi lakay ou. _(2 fwa)

6

Pran lanmou mwen, Senyè mwen,

Fè l pou ou yon bagay sen.

Pran mwen menm, m vle viv toujou

Ak tout fòs sèlman pou ou. _(2 fwa)

← Previous song49Le Monn vle mwen Suiv Plézi LiNext song →genyen yon Sous Tout Plin Ak San51