Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 51 - genyen yon Sous Tout Plin Ak San
Chant D'Espérance

51 genyen yon Sous Tout Plin Ak San

1

Genyen yon sous tou plen ak san,

Se san sovè Jezi.

Pechè yo ki benyen ladan l

Soti san tach e pi. _(3 fwa)

Pechè yo ki benyen ladan l

Soti san tach e pi.

2

Volè a ki t ape mouri,

Li te rejwi jou sa.

E nanm mwen ki koupab kon li

Jwenn padon nan sous la. _(3 fwa)

E nanm mwen ki koupab kon li

Jwenn padon nan sous la.

3

Sovè m, san ou ki te koule

Pa p janm pèdi pisans

Jouk lè pou tout legliz Bondye

Rejwi nan delivrans. _(3 fwa)

Jouk lè pou tout legliz Bondye

Rejwi nan delivrans.

4

Depi mwen te wè tout bonte

Ou montre m nan bay lavi,

Lanmou w m ap chante san rete

Jouk lè m a va mouri. _(3 fwa)

Lanmou w m ap chante san rete

Jouk lè w va delivrem.

5

Lè lang pa mwen va fin pale,

E kò mwen nan tonbo;

Louwanj Jezi m a va chante

Ak rachte yo anwo. _(3 fwa)

Louwanj Jezi m a va chante

Ak rachte yo anwo.

← Previous song50Pran La Vi-m, Senyè JeziNext song →O Gran Amou Kité Rachté-m52