Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 93 - Mapé maché sèl ak Jezi
Chant D'Espérance

93 Mapé maché sèl ak Jezi

1

M ape mache sèl ak Jezi

Nan yon kominyon san fen

Lemonn pa kapab fè m plezi

Mwen pou Kris e Kris pou mwen.

Kè

Mwen te wè li, mwen konnen li!

Li fè mwen mache avè l;

E li fè m kado prezans li,

Se yon kado etènèl.

Ki gran glwa, wè bèl prezans li,

Ki gran jwa, wè l fasafas!

Mwen ba li lavi m pou toutan,

Li te sove m nan lagras.

2

Sou montay la mwen te wè li;

Kris, Konsolatè, Zanmi;

Laglwa vizyon sa a va rete

Jouk tan lavi mwen fini.

3

Nan tout doulè ak feblès mwen,

Malgre kè m te fin kraze,

Toujou mwen santi prezans li,

Li te wete m nan peche.

4

Nan tenèb la, nan lonbraj la

Ak Sovè a mwen fè wout;

E leson l ap ansenye mwen

Fè m vle swiv li kout ke kout.

← Previous song92Map travay pou Jezi nan vouayaj mwenNext song →mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen94