Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen,
Depi mwen te jwenn li pou bon zanmi mwen;
Mwen ta di w jan lavi m te chanje konplètman,
E kè mwen te ranpli avèk kontantman.
Pèsonn pa t janm renmen mwen kon Jezi,
Pa gen yon lòt bon Zanmi kon li.
Nanpwen lòt k ap blanchi
Peche m ki wouj anpil!
O, ala li te renmen m!
2
Vi m te tou sal ak peche
Lè Jezi jwenn mwen,
Kè m te plen ak mizè, tèt mwen te chaje.
Men avèk amou li Jezi te vlope mwen,
E li kondwi mwen kote m te dwe ale.
3
Chak jou li vin jwenn mwen
Pou ban mwen asirans
Jou aprè jou mwen pi konnen lanmou li;
Mwen p ap janm konprann
Pouki li te vin sove m
Jouk lè nan syèl la m a va rankontre li.