Jezi resisite!
Ak kè nou plen jwa
Toupatou n ap chante;
N ap ba li glwa.
Li te soti nan tonbo,
Yon Sovè vivan e toupisan!
Pou jamè, li gen laviktwa sou lanmò;
Etènèlman, l a renye ak sen li yo.
Kris vivan! Kris vivan!
Alelouya ! Kris vivan!
Jezi resiste!
Se nan li toujou
Pou nou tout al chache
Fòs ak sekou.
Jezi resisite!
Li ban nou lavi;
E nan letènite
N a avèk li.