Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 105 - A la bèl glwa, maché ak Jezi
Chant D'Espérance

105 A la bèl glwa, maché ak Jezi

1

Ala bèl glwa mache ak Jezi !

Li vèse san l pou mwen;

Nanm mwen pran plezi nan li chak jou,

Se gran jwa lè Jezi kote mwen,

Li ak mwen toupatou.

Glwaradye! Se yon bèl glwa pou mwen.

Kè

Ala bèl glwa mache ak Jezi! (2 fwa)

Li kondwi m nan tout chemen,

Li kenbe m sa sèten;

Ala bèl glwa mache ak Jezi.

2

Ala bèl glwa, menm lè li fènwa,

Pou m konnen li tou pre;

Alò m priye ak konfyans, ak fwa;

Ala bèl glwa, santi li tou pre

Lè chemen mwen plen jwa.

Glwaradye! Se yon bèl glwa pou mwen.

3

Ala bèl glwa, lè lakay Bondye,

Ak li m a va mache,

Pou toujou kote l m a va rete;

Sa va yon mèvèy lè m ap chante

Pou tout letènite.

Glwaradye! Se yon bèl glwa pou mwen.

← Previous song104Jezi résusitéNext song →Min yon bèl istoua: Kris te kité tout glwa106