Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 57 - Jezi, mwen te pran la kwa mwen
Chant D'Espérance

57 Jezi, mwen te pran la kwa mwen

1

Jezi, mwen te pran lakwa mwen

Kite tout bagay pou m swiv ou.

Meprize e abandone,

Ou se tout bagay pou mwen.

Mwen kite tout vye anbisyon,

Tout sa m te chache e konnen.

Poutan mwen pa manke anyen

Bondye pou mwen, Kris pou mwen.

2

Tout moun te mèt ale kite m.

Yo te kite Sovè m nan tou;

Menm bon zanmi kapab twonpe m,

Men ou menm ou pa menm jan ak yo

Si ou menm ou kontan avè m,

Bondye sajès ak lanmou,

Yo mèt rayi m, yo mèt kite m,

Avèk ou lavi mwen byen.

3

Lèzòm mèt pèsekite mwen,

Sa va fè m pwoche pi pre ou.

Lavi di ka maltretem mwen,

Pou mwen, Syèl la va pi dous.

Okenn mal pa ka fè m soufri

Pandan lanmou ou pou mwen

Plezi tè sa a pa fè m rejwi.

Jwa ou bay, se jwa san fen.

4

Ann mache nan chemen laglwa

Ak lafwa ak lapriyè.

An nou konbat pou laviktwa.

Ak Bondye nou gen lapè.

Byento nou va kite tè sa a;

Pelerinaj nou va fini

Nou va wè fwi tout travay la,

Rekonpans nou se Jezi.

← Previous song56glwa à Dieu nan lè li trè roNext song →Ségnè-m ki vi-n régné58