Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 56 - glwa à Dieu nan lè li trè ro
Chant D'Espérance

56 glwa à Dieu nan lè li trè ro

1

Glwa pou Bondye ki nan syèl la,

Glwa pou Bondye sou late tou.

Glwa pou li maten, midi, swa

Glwa pou Bondye nou toupatou.

2

Mèsi, Bondye pou le solèy

K ap klere nou, k ap chofe nou;

Mèsi Bondye pou lapli a

Ou bay nou woze jaden nou.

3

Mèsi Bondye pou fanmi nou;

Pou manman, papa, pitit tou;

Mèsi pou tout frè, sè nou yo,

Ki renmen nou, sipòte nou.

4

Mèsi Bondye pou zanmi nou,

Mèsi pou tout frè levanjil;

Pou sè nou yo nan legliz ou,

Nou tout se youn nan Jezikri.

5

Mèsi Bondye pou lanmou ou

Mèsi Bondye, pou Jezikri.

Mèsi anpil pou Sentespri

K ap gide nou, konsole nou.

6

O ! padone tout peche nou;

Netwaye tout anndan kè nou.

Ban nou gras ou jou aprè jou

Pou n kapab fè vonlonte ou.

7

Beni Bondye ki renmen nou,

Beni li tout moun toupatou.

Ak zanj nan syèl yo ann beni

Papa, Pitit e Sentespri.

← Previous song55Sa-k kapab lave péché-m?Next song →Jezi, mwen te pran la kwa mwen57