O! ala mwen boulvèse,
O! Ala mwen artiste _(2 fwa)
Se lè nan kè m.
Kris pa pran premye plas,
Tout bagay chanje pou mwen.
O! Poukisa li ale?
O! Poukisa l kite m sèl? _(2 fwa)
Se lè mwen fè sa k pa nan volonte l
Li fè m santi li pa la.
O! Ala yon bon Jezi!
O! Wi mwen santi li bon! _(2 fwa)
Kòm lapawòl la di nou sa klèman
Li chatye moun li renmen.
O! Annou tout byenneme
Chèche konprann sa li vle, _(2 fwa)
Lè sa a nou p ape janm fè li fache
Tout bagay va byen mache.