Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 18 - Nan Mitan Gwo Lanmè
Réveillons-Nous

18 Nan Mitan Gwo Lanmè

1

Nan mitan gwo lanmè ak tanpèt mwen te ye

San sekou m te pèdi, San lafwa, san limyè.

Bridsoukou mwen wè yon

Gwo bato ap pase,

Mwen ranmase tout fòs mwen

E mwen pran rele: O sekou! O sekou!

Kilès ki pou sove m? O sekou!

2

Se bato Levanjil ki te byen ekipe

Li t ap mennen fidèl yo

Nan wwayòm Bondye.

Kapitèn bato a wè efò mwen tap fè

Ak yon men m byen anlè

Mwen te kriye byen klè: O sekou! O sekou!

Kilès ki pou sove m? O sekou!

3

Bato levanjil la te fè mwen reprann kouraj

Nan gran bonte li, chèf la

Pran ka mwen an chaj.

Kounye a mwen kontan e zafè mwen regle

Paske gran Sovè a rive kote m te ye.

Glwaradye! Glwaradye!

Konsa nanm mwen chante, Glwaradye!

4

Zanmi dekouraje ki pa konnen lapè

K ap fè nofraj anba terib lanmè peche,

Sovè mwen dispoze sove ou si ou vle.

Vin chèche sekou Li kounye a san dèle.

Li sove m! li sove m!

Ak lajwa w a chante: Li sove m!

← Previous song17Gen Yon Non Mwen Renmen ChanteNext song →Kenbe Fèm Nan Travay N’ap Fè Pou Jezu-Kri19