Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 66 - Le nou nan lamize, akable toumente
Réveillons-Nous

66 Le nou nan lamize, akable toumente

1

Lè nou nan lamizè,

Akable, toumante,

Lè lavi nou boulvèse;

Lè nou pèdi espwa;

Lè tout bagay fènwa,

Lè nou pa wè devan,

Lè tristès nan kè nou,

Lè nou nan laflilksyon

Lè nou vle dekouraje

Leve je nou anle,

Epi gade Jezi

N a santi nou pi fò.

refren

Jezi ! Jezi !

Tanpri ban nou fòs

Pou nou lite.

Jezi ! Jezi !

Si ou pa kenbe n

Nou va tonbe.

2

Pafwa se tantasyon

Chak fwa nou vle fè byen,

Men se mal ki prezante,

Nou gen bòn volonte,

Men twòp difikilte

Fè nou pèdi lafwa

Pafwa se maladi,

Gen de lè se lanmò,

Elas! nou dezespere,

Si nou priye Jezi

Wise nan limenm sèl

Nou gen konsolasyon

3

Sa vre nou vle travay,

E machje pou glwa li

Men nou manke fòs, kouraj

Lè eprèv yo vini,

Gen kote nou febli,

Malgre kalamite,

Malgre difikilte ;

Annou pa ebranle,

Annou priye Jezi,

Paske se limenm sèl

Ki ka ban nou lajwa.

← Previous song65Seye Bondye mwen sezi nan prezansNext song →Bondye voye pitit, li rele Jezu67