Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 42 - Lè Nou Nan dezè-a Lè Nou Gade Syèl La
Réveillons-Nous

42 Lè Nou Nan dezè-a Lè Nou Gade Syèl La

1

Lè nou nan dezè a

Lè nou gade syèl la

N ap sonje gen lòt kay

Papa n al prepare;

Si nou fè volonte l,

L ap ban nou yon kouwòn.

refren

Satan patisipe prèske nan tout bagay;

Si Jezi pa te la, di mwen sa mwen ta fè _(bis 2 liy)

2

Mwen santi m vle ale

Se pase m ap pase

Mwen pa moun isiba

Vwayajè wout mwen long;

Peyi m se nan syèl la;

Si Bondye ede mwen.

3

Kamyon an trè chaje;

Gen lè l pra l chavire

Bato a pra l koule;

Jezi se vòl dirèk

Se nan li mwen konfye m

Se li menm k ap sove m

4

N ap priye, Satan la;

N ap mache Satan la

N ap dòmi Satan la

N ap jene Satan la

Nan misyon Satan la

Satan nan tout bagay

5

N ap jwaye, Satan la:

N ap preche, satna la,

Nan legliz, Satan la;

Nou vire, santan la

Nou tounen, Satan la.

Satan nan tout bagay.

← Previous song41Lè Mwen Sèl E DekourajeNext song →A Rebò Yon Chemin Ki Mennen Jeriko43