Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 36 - Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran m
Réveillons-Nous

36 Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran m

1

Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran m:

Pou w pa konprann mwen te fè moun debyen;

Mwen t ap neye nan peche lwen Bondye.

Lanmou Jezi fè mwen gras, li chwazi m.

Refren

Mwen pa konnen poukisa Kris renmen m

Sèlman mwen wè laglwa li kouvri mwen

Li plen kè sen yo ak lanmou pou mwen

Mwen san pwoblèm Kris regle tout afè m.

2

Dyab la renmen mwen pase tout pechè

Yon fwa l te vin pou l degize lavi m

Nan feblès mwen, li t ap fèm kriminèl,

Jezi sove m sa se yon gran mistè.

3

Se nan fatra Kris te pran m, Li lave m,

Li vin mete mwen pami moun sove.

Eske m pa dwe renmen bon sovè sa a?

Anverite, viv pou Kris ou mouri!

4

Gen yon lòt bagay ki fè m kontan toutan

Se lè m sonje mwen pa moun isiba,

Peyi pa mwen se nan syèl kot Bondye,

Mwen opilan, Sovè m pra l vin chèche m.

5

Zanmi mwen yo se pa blag m ap ban nou,

Se temwanyaj sa Jezi fè pou mwen

Eske ou pa vle gen yon plas nan syèl la?

Vin bay Kris kè ou w a temwanye non li.

← Previous song30Mwen Gen Yon Bon PapaNext song →Lè Mwen Sèl E Dekouraje41