Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 78 - Elas, elas, mwen regret sa pou lemon'n
Réveillons-Nous

78 Elas, elas, mwen regret sa pou lemon'n

1

Depi nan tan lontan

Lèzòm te toujou mechan

Kayen touye abèl se sa n wè lòm pratike

Jezi vin sou latè

Pou wete peche kriminèl yo

Y arete l, yo touye l,

Yo kloure l sou lakwa.

Kè

Elas! elas! Mwen regrèt sa pou lemonn

Talè konsa lemonn pral boulvese vre

Elas! elas! Mwen regrèt sa pou lemonn

Talè konsa lemonn pral dlo nan je

2

2e kè

Elas! elas! Nou wè lemonn mechan vre

Peche fè lòm vire do bay Letènèl

Jezi vini pou anonse wayòm nan

Kote jistis Bondye va eklate.

3

Akab a Jezabèl

Met ansanm yo touye Nabòt

Akab ak Jezabèl te panse Bondye pa t wè yo

Sa pa t rete konsa, Letènèl te kondane yo

Yon jijman, yon egzanp

Bondye trase sou lòm.

4

Lèzòm fabrike zam

Se pa pou yo detwi pye bwa

Lèzòm fabrike zam

Se pa pou detwi zannimo,

Lèzòm fabrike zam

Se pou yo detwi lòm parèy yo

Y ap touye Y ap jete w

Kè yo pa janm sote, elas.

5

Pou nenpòt ti bagay

Nou wè moun ape touye moun

Pou nenpòt ti plezi

Nou wè moun met kouto sou moun

Moun pa ka gade moun

Yon moman yo mete ou kadav

Y ap touye, y ap boule,

Epi y ap banboche, elas.

← Previous song77Yon jou m'te pedi nan chemen anNext song →Otrefwa-m te kouche79