Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Réveillons-Nous
  3. 74 - Bo pi Jakob la yon jou le Seye
Réveillons-Nous

74 Bo pi Jakob la yon jou le Seye

1

Bò pi Jakòb la yon jou le Senyè a

Rankontre yon Samaritèn

Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè

Fanm sila etone

Eske ou pa konnen

Jwif avèk Samaritèn

Pa gen okenn rapo,

Pa gen okenn relasyon;

Pouki ou mande mwen bwè.

Si ou te konnen ki don Bondye

E kilès ki di w bacli bwè

Se ou menm pito ki ta mande

E mwen Ta ba ou yon bon dlo;

Yon dlo ki pa p jan fini

E ki va dire nan lavi ou

Pou tout letènite.

refren

Mezanmi tande mwen

Jwenn yon Nonm

Ki di mwen tout sa mwen fè,

Nonm sila se yon pwofèt

Eske se pa li menm ki Kris la!

Mezanmi tande mwen

Jwenn yon nonm

Ki di mwen tout sa mwen fè,

Nonm sila li se pitit Bondye

Se li menm ki Mesi a,

Li konnen tout sa ki nan kè mwen.

Sa se yon bagay ki mèvèye !

Li ban mwen yon dlo

Pou mwen pa Janm swaf.

2

Lè fanm nan tande Jezikri

Kapab ba li yon dlo

Pou li pa jan m swaf,

Fanm nan etone pi plis

Li mande ki kote Ou

Va jwenn bon dlo ?

Tou de men ou vid

Ou pa gen anyen pou pran dlo

Eske ou pi gran pase

Jakob ki bay pwi sa a,

Ban mwen yon ti gout ladan n.

Jezi di fanm nan: kote mari w,

Ale chèche l epi vin jwenn mwen.

Fanm nan bay manti

Men, elas! Pa gen Pyès moun

Ki ka twonpe Jezi.

Ou di ou pa gen mari,

E poutan ou pase senk deja

E dènye a pa pou ou.

3

Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm

Ki ban mwen yon dlo

Pou mwen pa janm swaf _(bis 3 liy)

Vini bwè dlo sa a

Epi swaf ou va pase.

← Previous song73Moun vle rakonte sa Kris fe pou mwenNext song →Mwen sonje gen yon you kijan mwen te malad75