A la bèl bagay lè yon moun nan Jezi !
Je l pa genyen vwal ki pou
Eksite l fè sa ki mal _(2 fwa)
Refren :
Kris ap reke w, li di: retire kè ou
Nan tout vye plezi k ap mennen
Lanmò pita _(2 fwa)
Tout plezi sa yo ka fè ou bliye
Si genyen Bondye k ap ba ou
Tout sa ou bezwen _(2 fwa)
Gen moun ki chwazi Satan
Pou yo kite Bondye,
Yo pito ale anba gid yo
Genyen kèk bagay ou dwe reflechi,
Avan tout bagay,
Li va ba ou lavi etènèl.