Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Mélodies Joyeuses
  3. 17 - Rout La Vi se Kon yon Chémin
Mélodies Joyeuses

17 Rout La Vi se Kon yon Chémin

1

Wout lavi se kon yon chemen,

Ladan gen anpil danje;

Li di anpil, e li fènwa,

gen labou, li byen glise.

Fòk nou veye nan chak moman,

Si nou vle fè chemen sa a,

Se pou n jwenn

Yon moun kondwi nou.

Epi swiv li pazapa.

Kè

O Bon Sovè, vin kondwi mwen!

Fè mwen rive jouk lòtbò

Kote zanj yo ap chante non ou,

E mwen p ap tounen ankò.

2

N ap monte epi n ap desann,

gen falèz agoch, adwat,

Mòn la rèd, e wout la glise,

Li apik epi etwat.

Fò n bay gid la kenbe men nou,

Si nou vle fè chemen sa a;

Se pou n fikse je nou sou Li,

Epi swiv Li pazapa.

3

Gen lòt wout ki laj e ki bèl,

Men yo pa ka fè n rive

Lòtbò mòn nan avèk Jezi,

Kote zanj yo ap chante.

O Jezi, pa kite m tonbe,

Ni bwonche nan chemen sa a!

Men kenbe m pi pre ou toujou,

M ape swiv ou pazapa.

← Previous song16O frè é sè mwen, lè lé mond ap bruléNext song →mwen Maché Nan yon Dur Chémin18