Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Mélodies Joyeuses
  3. 40 - Pètèt se Pa Sou yon Gro Montay
Mélodies Joyeuses

40 Pètèt se Pa Sou yon Gro Montay

1

Petèt se pa sou yon gwo montay,

Ni nan yon peyi byen lwen;

Petèt se pa nan yon gran batay,

Ou va sèvi avèk mwen;

Men si se vwa pa Ou ki pale,

Menm si mwen pa gen anyen,

M ap reponn, Bondye,

Ak men Ou sou mwen,

Mwen va ale kote Ou vle.

Kè

Mwen vle ale kote Ou vle, Bondye,

Nan mòn, sou lanmè, nan vale.

Mwen va di sa Ou vle mwen di, Bondye,

Mwen va sa Ou vle pou mwen ye.

2

Petèt jodi a se pawòl dous

Jezi vle pou mwen pale;

San dout dwe genyen sou wout la tou,

Moun ki pèdi pou m chèche.

O Bon Sovè mwen, si Ou va gide m,

E si sou wout la Ou kenbe m,

Mwen va repete mesaj lavi,

Mwen va di sa Ou vle mwen di.

3

Mwen konprann ou kite yon plas

Nan gran rekòt monn sa a,

Kote m ka fè, menm yon ti kras

Pou Jezi, Krisifie a.

M a mete konfyans mwen nan Ou, Senyè m

Paske Ou te renmen mwen vre;

M a fè volonte Ou, Sovè mwen,

Mwen va sa Ou vle pou mwen ye.

← Previous song39Lé Monn se Pa Lakay MwenNext song →Sou Yon Mon Bandonné41