Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Mélodies Joyeuses
  3. 38 - Isi-ba mwen Satisfè Ak yon Ti Kay
Mélodies Joyeuses

38 Isi-ba mwen Satisfè Ak yon Ti Kay

1

Isi ba mwen satisfè ak sa m genyen

Ak mezi byen Jezi vle ban mwen.

M konnen nan syèl la

Kote zanj y ap chante

Mwen gen yon palè depi mwen sove.

Kè

Nan peyi anwo a

Mwen genyen yon palè

Se lòtbò mòn lan

Mwen anvi rive,

Yon jou m a wè li

Lè Jezi va vini

M a louwe Li pou letènite.

2

Malgre mwen tante,

Toumante, meprize

Kèk fwa menm tèt mwen

Konn byen chaje.

Mwen se vwayajè

Mwen prale nan syèl la.

Mwen wè ak lafwa

Yon palè laba.

3

Mwen pa malere,

Mwen p ap dekouraje

Mwen santi mwen byen,

E mwen vle chante.

Devan twòn Bondye,

M ap ansanm ak zanj yo,

Chante pou Jezi

yon kantik nouvo.

← Previous song37Chak Promès Nan La Bib se Pou MwenNext song →Lé Monn se Pa Lakay Mwen39