Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Mélodies Joyeuses
  3. 58 - Chak Moman Sovè mwen Minnin-m
Mélodies Joyeuses

58 Chak Moman Sovè mwen Minnin-m

1

Chak moman Sovè mwen mennen m;

Kisa mwen dwe tann ankò?

Mwen pa janm kab doute lanmou L,

Wi, sa vo plis pase lò.

Lapè, syèl ak konsolasion

Ak lafwa mwen jwenn nan Li;

E nan tout bagay ki rive m

Mwen toujou wè Jezi Kri. _(bis 2 liy)

2

Chak moman Sovè mwen mennen m;

Souri Li klere chemen m.

Li ban m gras pou tout eprèv mwen,

Pen ki sòti nan Li menm.

Malgre pye mwen souvan glise

E nanm mwen konnen swaf tou,

Sòti nan wòch la devan mwen

Sous la jayi nwit kon jou. _(bis 2 liy)

3

Chak moman Sovè mwen mennen m,

Kè m ranpli ak lapè li;

Lanmou l va toujou anbrase m

Menm nan soufrans ak dizèt;

Lè mwen va monte nan syèl la

Kote Jezi ap tann mwen,

Chan sa a ma va chante toujou:

Li va mennen m jouk lafen. _(bis 2 liy)

← Previous song57Mèvéyé, Abondan Gras BondyeNext song →Eské Ou Konin Ki Lè Li Yé59