Wete m nan lakou tanp lan
Fè m soti nan foul la,
Fè m pase nan lye sen an
Kot sakrifikatè yo
Ap fè bèl louwanj
Pou ou Bondye;
Mwen vle wè fas ou, O Senyè! Mèt,
Nanm mwen swaf jistis ou a
Men selman yon kote.
Pran men mwen,
Kondwi m nan lye trè sen an,
Lave mwen avek san ti mouton an;
Pran men mwen,
Kondwi m nan lye trè sen an,
Pirifye bouch mwen pou m ka louwe ou.