Tande Kri mwen yo
Senyè tande Lè m kriye
Nan doulè mwen ye a
M ap rele nan pye ou.
E lè kè m kase tout bon vre
Kondwi m sou wòch la
Kote m pa ka rive
Ki pi wo pase mwen.
Se ou ki pwoteje m
Se ou ki defans mwen
Kache mwen byen wo
Pou ènmi m yo pa wè m
Ou se boukliye m
Ou se epe Lespri
Lè peche kanpe la
Ban m fòs pou m reziste.