Mwen te gen tan pèdi
Bondye ban mwen lavi
Mwen pa t menm yon voryen
Bondye fè m moun debyen
Lavi m te tèlman tchak
Men Bondye fè mirak
Li pouse m repanti
Li fè m kado lavi
Mèsi Bondye pou kado lavi
Mèsi Jezi ou ban m Sentespri
Mèsi Papa mwen gen Jezikri
Mèsi anpil se ou k te chwazi
Bondye toujou konnen
Sa ki pi bon pou mwen
Se sa k fè mwen sèten
M ap byen jiska lafen
Mwen pa bezwen plenyen
Ni tristès ni bezwen
Le bagay mangonmen
Bondye toujou ak mwen