Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. La Voix Du Réveil
  3. 11 - Témouin
La Voix Du Réveil

11 Témouin

1

Mwen se temwen JeziKri

M ap obeyi li

Lemonn pa ka bay lavi

Se sèl Jezikri.

Mwen vle konsakre lavi m

Pou m fè sèvis li

Tout byen m gen sou latè

Se pou travay li.

Kè

O! wi, pou w temwen

Fò w konnen Jezi

Sèl pitit Bondye a

Ki mouri pou nou;

Lòm pa kapab jwenn Bondye

San l pa jwenn Jezi

Alelouya! m te pèdi

Men m twouve lavi.

2

Abraham, papa lafwa

Bib la di nou sa

Avan Abraham te la

Jezikri te la;

Jezikri pa t janm pa la

E l ap toujou la

Pou w gen lavi etènèl

Fò w nan Jezikri.

3

Lè m kwè m te prè Jeova

Poutan m te byen lwen,

Mwen t ap chèche verite

Tout kote m pase;

Tout pouvwa pou Jezikri

Ki fè m wè erè m

Se li ki laverite

Pou letènite.

4

Senyè Bondye twa fwa Sen,

Ki gen tout pouvwa

Ou ki voye Jezikri

Vin mouri pou nou

Nou ba ou remèsiman

Pou bon sovè sa

Ki te bay lavi l pou nou:

Jezi Wa tout wa.

← Previous song10A la ou granNext song →Pitit byin-émé12