Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. La Voix Du Réveil
  3. 1 - Map kalkulé-m yon jou
La Voix Du Réveil

1 Map kalkulé-m yon jou

1

M ap kalkile yon jou

Nan syèl la m a wè sa,

Andedan tout liv sa yo

Tout pechè te enskri;

Mwen wè non mwen byen klè,

M di Bondye sa pou m fè

M lage m nan pye Sovè mwen

Mwen regle koze mwen.

Kè

E la menm, Wi la menm

Wi se la menm tout koze mwen te regle

Mwen pa pè anyen ankò

Dèt mwen yo deja peye

E pwoblèm mwen yo ak jij la

Tou regle.

2

Sa mwen te fè te twòp

E mwen te vle toujou,

Tankou yon egare

Fè plis peche chak jou,

Men lè je m te louvri

Mwen wè kijan m te ye

Mwen te prese lage mwen

Nan pye Jezi sovè m.

3

Jou jijman an pral vini

Devan yon gran twòn blan

Lè tout mò va vini

Liv yo pral louvri

Lè yo va chèche non m,

Yo pap jwenn li ladan

Paske Jezi te enskri l

Nan gran liv lavi a.

4

Mete w an règ ak Li

E fè sa kounye a,

Pa kite twò ta bare w

Si w fè menm jan avè m

Ou vini jwenn Jezi

Jezi va delivre ou

La met non w nan liv la.

Next song →Sou yon mòn abandoné2