ADORATION
Ann prepare lonbraj, nwit la tonbe,
Nou va tande Elyezè k ap rele.
Talè pral gen yon maryaj,
Jwa nou pral kòmanse,
Nan lannwit lè chamo yo pral rive.
Kris pran lavi m, li mete l nan pla men l,
M pa bezwen pè, Jezi la, l ap kòmande;
Jou nwa ap ale, vini,
Yon sèl bagay m konnen:
Kris pran lavi m, li mete l nan pla men l.
Kannòt mwen sou lanmè Satan vle
Pou l chavire l,
Men m deja prepare m
Pou m monte avèk Jezi.
Mwen ale, mwen ale,
Mwen ale kay papa m anwo _(2 fwa)