Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Gloire À L'Agneau
  3. 61 - te gen yon fan-m ki te fè 12 an malad
Gloire À L'Agneau

61 te gen yon fan-m ki te fè 12 an malad

1

Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen

Li vin sou latè, li ban mwen lavi

Li mouri pou mwen e mwen sove

Jezi resisite mò e li te geri malad yo

Li chase demon li fè avèg yo wè

Li te geri lepre yo e menm paralitik yo

Jezi bon Sovè a te fè anpil mirak.

Kè

O mwen renmen li, m ap adore li

M ap chante poul li, se mèvèye.

2

Men yo te arete l yo te mennen l tribinal

Yo te fè anpil riz pou yo te pwan l nan pyèj

Jezi pa te koupab men yo te kondane li

Yo te krisifye li, li resisite

Kounye a li vivan m ap chante pou li

O wi mwen kontan li ban mwen lavi.

Kè

Li mouri pou nou tout, Li ban nou lavi

Nou gen rekonesans, n ap chante pou li

Jezi, Jezi

Si se pou Jezi nou ap chante

E si se nan Jezi nou mèt danse

Jezi, Jezi.

3

Li te mouri pou mwen, Li te mouri pou ou

Sa k fè li fè tout sa? paske li renmen nou

Li ale nan syèl la, l ap retounen ankò

Pou li ka vin chèche sa ki fè volonte l

Li fè nou pwomès, sa se verite

Nou pa kap rete san n pa chante pou Jezi.

← Previous song60Mezanmi lè-n gadé, le mon-n dégénéréNext song →Moin vle chante pou Jezi62