Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 142 - Sièl la si bèl, O Étènèl
Chant D'Espérance

142 Sièl la si bèl, O Étènèl

1

Syèl la si bèl, o Etènèl,

Li pale nou sou laglwa ou,

Men gen yon bagay ki pi bèl:

Se lè je nou wè Pawòl ou.

2

Bèl solèy la ki bay limyè,

Pèmèt nou wè gran pisans ou,

Men nan Bib la, liv mèveye,

Nou jwenn jistis ak lagras ou.

3

Solèy, lalin, bèl zetwal tou,

Klere latè, lemonn antye.

Se konsa tou, verite ou,

Se pou tout moun sou latè.

4

Levanjil la, mesaj lagras,

P ap janm kanpe, jouk lè tout moun

Vin jwenn ak Jezi fasafas

Li mouri pou l pa pèdi youn.

5

Bon Jezikri, limyè lemonn,

Klere tout moun ak limyè ou.

Levanjil sajès pou tout moun,

Menm sa k rebèl, menm sa ki dou!

6

Ala bèl bagay ou fè n wè,

Se lè lavi yon moun chanje.

Senyè, chanje m, ban m yon bon kè.

Nan Pawòl ou, ban kè poze.

← Previous song141Nan pwen anyen ant nan-m mwen é Sovè-mNext song →Min Jezi yo janti pou fè tout moun biin143