Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 79 - Préparé-m pou la gè
Chant D'Espérance

79 Préparé-m pou la gè

1

Prepare m pou lagè,

Pou m konbat sa ki mal.

Ban m yon bon kè, yon kè ki pwòp

Ki pa p di pawòl sal.

Dirije tout panse m,

Pirifye lesprim mwen.

Ak gras ou travay mwen va byen,

Si l fèt avèk renmen.

2

Mouton Bondye, ban mwen

Menm lespri dous pa ou

Fè tout aktivite pa mwen

Fèt ak charite tou.

Kite m envite moun

Avèk anpil dousè,

Ou pa vle pèdi menm youn,

Menm sa yo ki pi pè.

3

Pa kite mwen konfye m

Nan anyen sòf ou menm;

Si m gen lespri ògèy nan kè m,

Fè m santi feblès mwen!

Fè m konnen m pa anyen;

Men grasa Lespri sen

Tout bagay bon ka fèt pa mwen,

E se ou menm k ap fè l.

4

Ban mwen lanmou pa ou,

Pou m swiv chemen ou swiv.

Ou rayi tout bagay ki fo,

Men ou renmen tout moun.

Chanje, gide lespri m

Lwen tout bagay ki fo,

Pou m rayi peche ak tout kè m,

Men renmen pechè yo.

← Previous song78Lé monn antié pèdu nan ténèb pecheNext song →Jezi rélé-n nan tout touman80