Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 86 - Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi
Chant D'Espérance

86 Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi

1

Pi bon zanmi m se Jezi,

Lanmou li gran, si vre;

Li pap janm abandone m

Nan tout sa m ape fè.

Lè mwen fè l lapenn nan vi m;

Li toujou bon pou mwen ;

Lè m repanti, li padone m;

Alò mwen gen lapè.

Kè

Pi bon zanmi mwen sou latè se Jezi

Pi bon zanmi mwen sou latè se Jezi

Li lave peche m, l ap mennen m nan syèl

Amou Jezi si bèl.

2

Pafwa syèl mwen plen ak nyaj

Tout chemen mwen fènwa,

Fas li kache ak lonbraj

Lè mwen pa gen lafwa.

Nan lanmou, li priye pou mwen,

Kè mwen vin soulaje

Paske li wete tout chagren;

Tout lapenn mwen ale.

3

Mwen vle chante amou li,

Amou Jezi pou mwen,

Bonte l ak fidelite l,

Pou yon pechè kon mwen.

Kijan m kapab di li mèsi

Pou amou l anvè mwen?

Se pou m renmen e sèvi li,

Chak jou, swiv li pre.

← Previous song85Nou pa krin-n ankòNext song →mwen kontan jodia, gen solèy nan kè-m87