Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 101 - Papa mwen gen kay, avèk anpil tè
Chant D'Espérance

101 Papa mwen gen kay, avèk anpil tè

1

Papa mwen gen kay, avèk anpil tè,

Pla men li kenbe tout fòtin li fè,

Pyè presye, diaman, lajan avèk lò,

Tout bwat li yo plen, nan richès li pi fò.

Kè

Mwen se pitit Wa a,

Yon pitit Wa a;

Jezi se Sovè mwen,

Mwen se pitit Wa a. (2 fwa)

2

Sèl Pitit Bondye ki sove lemonn,

Yon jou te mache sou tè kon yon nonm

Kounye a, l ap plede padon nou nan syèl;

Lè l a vin chache nou, n a antre avè l.

3

Lontan mwen mache, yon nanm egare;

M te pito peche pase konnen Bondye;

Men li adopte m, e li enskri non m;

Mwen se eritye yon palè, yon kouwòn.

4

Joupa oubyen kay, sa pa fè m anyen;

Anwo a, y ap bati yon palè pou mwen;

Pandan m ap tann li, m a chante chan sa a:

Tout glwa pou Bondye, mwen se pitit Wa a.

← Previous song100Lè Jezi mouri sou KalvèNext song →Anfin mwen livré volonté-m si rébè-l102