Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 12 - Pandan La Nuit
Chant D'Espérance

12 Pandan La Nuit

1

Pandan lannuit, lè Bèjè yo

T ap pran swen mouton yo,

Zanj Senyè a vini desann,

Glwa l briye toupatou,

Li di: “pa pè ” paske yo tout

Te tranble, tou sezi,

"Mwen pote bòn nouvèl ban nou

Pou nou ak pou tout moun. "

2

Nan lavil David, jodi a,

Yon pitit vini fèt,

Se li ki Kris, Sovè, Senyè,

Men ki siy m a ban nou:

Nou va byen jwenn pitit syèl la,

Li la devan je moun,

Vlope nan yon rad òdinè,

E kouche nan yon krèch.

3

Lè zanj lan te pale konsa,

Yon foul parèt tousuit,

Se te lame zanj yo nan syèl

Pou chante kantik sa a:

Tout glwa pou Bondye nan syèl la,

Kè poze sou latè,

Pou moun ki gen bòn volonte,

Kè poze pou tout moun.

← Previous song11San Jezi, mwen pa kapab vivNext song →Lè Nap Maché Ak Dieu13