« Ou pa dwe pè anyen
Mwen toujou ak ou »
Men pwomès la, kretyen,
Ki soutni kè nou.
Wout sou tè a mèt nwa
Sa p ap fè mwen pè;
Nanm mwen plen ak espwa,
M ap mache ak bon Sovè m
Mwen pa janmen sèl; (2 fwa)
Jezi, Sovè m ap veye mwen
Li pa janm kite mwen sèl
Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa)
Jezi, Sovè m, ap veye mwen,
Mwen pa janm rete tou sèl.
Solèy la klere byen,
Nan bon tan sèlman;
Men Jezi limyè mwen
Li klere tout tan.
Lè mwen pa wè klète
Solèy ki byen bèl,
Nan nenpòt ki kote
Jezi parèt, mwen wè syèl.
Mwen pa janmen sèl; (2 fwa)
Jezi, Sovè m ap veye mwen
Li pa janm kite mwen sèl
Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa)
Jezi, Sovè m, ap veye mwen,
Mwen pa janm rete tou sèl.