Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 16 - Ou Pa Doue Pe anyen
Chant D'Espérance

16 Ou Pa Doue Pe anyen

1

« Ou pa dwe pè anyen

Mwen toujou ak ou »

Men pwomès la, kretyen,

Ki soutni kè nou.

Wout sou tè a mèt nwa

Sa p ap fè mwen pè;

Nanm mwen plen ak espwa,

M ap mache ak bon Sovè m

Kè

Mwen pa janmen sèl; (2 fwa)

Jezi, Sovè m ap veye mwen

Li pa janm kite mwen sèl

Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa)

Jezi, Sovè m, ap veye mwen,

Mwen pa janm rete tou sèl.

2

Solèy la klere byen,

Nan bon tan sèlman;

Men Jezi limyè mwen

Li klere tout tan.

Lè mwen pa wè klète

Solèy ki byen bèl,

Nan nenpòt ki kote

Jezi parèt, mwen wè syèl.

Kè

Mwen pa janmen sèl; (2 fwa)

Jezi, Sovè m ap veye mwen

Li pa janm kite mwen sèl

Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa)

Jezi, Sovè m, ap veye mwen,

Mwen pa janm rete tou sèl.

← Previous song15mwen Vle Suiv Jezi Jouk La FinNext song →Mwenn byen kontan ke17