Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 45 - Non Jezi gen yon Son Si Dou
Chant D'Espérance

45 Non Jezi gen yon Son Si Dou

1

Non Jezi gen yon son si dou!

Li chase tristès nou.

Non Jezi ban nou gerizon,

Pa gen yon pi bèl son!

2

Non Jezi kalme kè twouble,

E lespri fatige.

Li kou yon manje tèlman gou

Pou nanm yo ki grangou.

3

Non Jezi se kou yon gwo wòch

Li pa ka deplase,

Li pwoteje m, li kache mwen,

L a sove m jouk lafen.

4

Jezi sèvi pou mwen tankou

Bèje e zanmi m tou,

Se li ki chemen an, epi

Laverite, lavi.

5

Mwen pa t ka fè anpil pou ou;

Sa m fè a piti tou ;

M a di ou mèsi pou tout gras,

Lè m a wè w fasafas.

6

Annatandan, mwen vle sèvi

Ak tout souf mwen, pou di

Tout pechè yo, se nan non ou

Yo kapab sove tou.

← Previous song44Vini Chak Moun Ki Plin pecheNext song →An nou chante amou Jezi46