Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 40 - Nap chante Roua a ki gen pou vini
Chant D'Espérance

40 Nap chante Roua a ki gen pou vini

1

N ap chante Wa a ki gen pou vini,

Glwa pou Jezi, mouton an ki mouri

Pou ofri tout moun delivrans, lavi.

Tout pèp va kontan lè Jezi va Wa!

Kè

Vini chante: Glwa pou Jezi,

Alelouya, glwa pou Jezi!

Nou ki moun pa Jezi, sa se chan nou:

Tout glwa pou Jezi se li ki Wa nou.

2

Pèp yo va rete nan bèl limyè li,

Tout moun va ansanm, wi yo va ini.

Se laverite ki va etabli.

P ap gen lenjistis, lè Jezi va Wa !

3

Tout bagay va bon nan wayòm Kris li,

Kot libète ak sajès pral vini.

Tout lènmi nou yo va tounen zanmi.

Tout zam mete ba lè Jezi va Wa.

4

Tout moun va mache nan pisans Lespri.

Dout p ap ka twouble moun ki nan Jezi.

Nou pa pè lanfè, fòs lanmò fini,

Lanmou toupatou, lè Jezi va Wa.

5

N ap lapriyè pou Wayòm Kris vini.

Bondye, fè li vini vit pou ou detwi

Tout move bagay, pou nou kapab di:

Rèy Satan kaba, se Jezi ki Wa.

← Previous song39Moun Yo Ki ObéiNext song →Jezi, se nan prezans ou nanm mwen pran plezi41