Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 118 - mwen te chouazi nèt pou toujou
Chant D'Espérance

118 mwen te chouazi nèt pou toujou

1

Mwen te chwazi nèt pou toujou

Ant monn sa e Jezikri;

Anyen p ap chanje mwen ditou,

Paske li fin pran kè m vre.

Pran monn sa ak tout plezi li,

Pran yo, pran yo, koutkekout,

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

Kè

Pi dous, pi dous pase tout,

Pi dous, dous pase tout.

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen

Li pi dous pase yo tout.

2

Depi m fè chwa mwen pou toujou,

Depi m mache avèk Kris,

Vi mwen vini pi rich chak jou

Pawòl li touche m pi plis.

Pran monn sa ak tout richès li,

Pran yo, pran yo, koutkekout,

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

3

Depi mwen fè chwa pou Syèl la,

Depi Kris pi bon zanmi m,

Tout moun kite mwen sou tè sa a,

Men nan Kris mwen jwenn apwi m

Pran tout amitye sou tè a,

Pran yo, pran yo, koutkekout,

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

4

Lè zèv lavi mwen va fini,

Lè mwen pase pòt lanmò,

Lè mwen monte kote Bondye,

Lè m a mache bò lòtbò,

Lè je mwen gentan wè zanj yo,

Gran ak piti, m a wè tout.

Ban mwen Jezi, bon Sovè m;

Li pi dous, pase yo tout.

← Previous song117Gadé ti Jezi ki kouché nan krèch laNext song →O Senyè, nou pòté rémèsiman119