Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 30 - Mouin-minmsé yon Moun Télman Mizérab
Chant D'Espérance

30 Mouin-minmsé yon Moun Télman Mizérab

1

Mwen menm se yon moun tèlman mizerab

Kijan m kapab prezante devan Bondye?

Parèt devan twòn li, kijan pou m fè?

Malgre sa, men l yo lonje, l ap rele m.

2

Lè mwen vle mache nan chemen syèl la

Se lè sa a peche vini pou twouble m;

Poutan, mwen tande yon mo ki si bèl,

Repanti, kwè, e ou va delivre

3

Vwa m tande a, se vwa Jezikri menm,

Se men li yo ki lonje pou sove m;

Se nan li menm sèl mwen ka jwenn padon,

E se li menm tou ki ka pirifye m.

4

Mwen pa gen anyen, e m tèlman dwe ou

Poutèt sa mwen gen kichòy pou ba ou;

Menm jan ak Mari, m a montre w kijan

M renmen ou paske ou padone m tou.

← Previous song29mwen Louvri Kè mwenNext song →Tout Moun Ki Rété Sou La Tè31