Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 32 - Mèt, Palé! Sévant Ou Kouté!
Chant D'Espérance

32 Mèt, Palé! Sévant Ou Kouté!

1

Mèt, pale, mwen menm m ap koute;

M ap tann pawòl nan bouch ou.

Vwa ou ki fè mwen si kontan

Kè m swaf tande li toujou.

M ape koute ou, Senyè,

Kisa ou gen pou di mwen.

2

Mèt, rele mwen, site non mwen;

Di m se ak mwen w ap pale.

Pou mwen kapab suiv ou pi byen;

Pou mwen mache san tranble.

Pale! Ou se Bon Bèje.

Mwen se mouton ou rachte.

3

Koute mwen avan mwen ale,

Mwen tankou yon moun pèdi

Mèt, pale! Se ou ki konnen

Tout bagay kè mwen anvi,

Tout sa nanm mwen bezwen vre;

Vini pale nan kè mwen.

4

Mèt, pale, e fè mwen pare

Lè m tande byen sa ou di,

San mize e ak kè kontan

Pou m fè tout sa ou te di.

M ape koute ou, Mèt mwen;

Pale, Mèt, pale ak mwen.

← Previous song31Tout Moun Ki Rété Sou La TèNext song →Senyè, palé mwen pou-m pale33