Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 107 - Kè mwen trankil, O Bondye mwen
Chant D'Espérance

107 Kè mwen trankil, O Bondye mwen

Kè

Kè mwen trankil, O Bondye mwen!

Mwen vle di ou mèsi.

Kè mwen an pè ak ou.

Pa gen anyen sou latè,

Sof ou ki kapab satisfè m.

Lè mwen bwè nan tout sous lemonn yo,

Kè mwen gen swaf toujou.

1

2

Mwen swaf dlo sous ki lakay ou,

E yo tou pre mwen nan ou,

Mwen bezwen richès lanmou ou,

E li tou pre m tou.

Mwen jwenn yon nouvo chan nan kè m

Sou pi bèl mizik la,

Glwa pou Bondye pou tout gras li

Kè mwen poko jwenn.

2

3

Glwa pou Bondye lè fòs manke,

Pou feblès ak bezwen,

Pou lakrent ki fè m jwenn ak ou,

Pou sa ou gen pou mwen.

Mwen gen yon eritaj lajwa,

Men mwen poko ka wè l.

Se men ki te senyen sou lakwa

K ap kenbe li pou mwen.

3

4

Kè mwen trankil, O Bondye mwen,

Kè mwen se nan men w li ye,

Mwen tande yon bèl vwa lajwa

K ap sonnen patou.

Anpil moun ap di pawòl sa a:

“Letènèl se lò pa mwen”

Mesaj la nan bèl kantik sa

Pape janm sispann.

← Previous song106Min yon bèl istoua: Kris te kité tout glwaNext song →La bib di nou, te gen yon non-m108