Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 24 - Jezi se tout bagay pou mwen
Chant D'Espérance

24 Jezi se tout bagay pou mwen

1

Jezi se tout bagay pou mwen

Lapè, lajwa, lavi;

Se li ki fòs mwen toulejou,

Mwen ta tonbe san li

Lè m santi m tris, se li m chèche;

Si l pa te la, sa mwen ta fè?

Lè m santi m tris, li fè mwen ge

Li renmen m.

2

Jezi se tout bagay pou mwen,

Nan tout eprèv chak jou.

M ale kote li pou byenfè,

E li ban mwen yo toujou.

Li voye solèy ak lapli,

Li ban nou rekòt avèk fwi;

Solèy, lapli, rekòt ak fwi

Li renmen m.

3

Jezi se tout bagay pou mwen;

Mwen va rete fidèl;

Li tèlman fidèl anvè mwen,

Mwen pa kapab nye l.

Lè m ap suiv li, mwen pa pèdi;

Li veye mwen jou avèk nuit;

Fòk mwen suiv li jou avèk nuit;

Li renmen m.

4

Jezi se tout bagay pou mwen;

Pa gen pi bon zanmi;

M a mete pou letènite

Tout konfyans mwen nan li.

Lè li renmen m, se bèl lavi;

Li bèl, li p ape janm fini;

Vi etènèl! Jwa etènèl!

Li renmen m.

← Previous song23mwen Kanpé Sezi Nan PrézansNext song →te gen Katré-vin-diz-néf Mouton Yo25