Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 81 - Jezi, Ou ki renmen mwen
Chant D'Espérance

81 Jezi, Ou ki renmen mwen

1

Jezi, Ou ki renmen mwen,

Kite mwen ale jwenn Ou;

Tout lòt azil kapab ven,

Lè lanmò menase nou.

Kache mwen, o Sovè mwen,

Pandan tout loraj lavi.

Resevwa mwen a lafen

Nan lapè ki pap fini.

2

Ou se sèl refij mwen gen,

Nanm mwen pa gen lòt espwa

Tanpri, pa bandone mwen,

Sovè m, lè tout bagay nwa.

Mwen vle konfye m nan ou sèl

Mwen pa gen lòt sekou;

Sèvi pou mwen kou yon zèl

M a va byen lè m avèk Ou.

3

Mwen pa bezwen lòt bagay

Pase Ou, bon Jezikri.

Se ou menm ki te konn bay

Lasante e menm lavi.

Mwen menm, mwen pa vo anyen,

Mwen genyen anpil peche,

Se Ou sèl ki vrèman sen,

Ou se gras e verite.

4

Genyen anpil gras nan ou

Pi gran pase peche nou.

Gras ou se yon bagay dou,

Kite li travay an nou.

Jezi, Ou se sous lavi,

Ban m lespri Ou san mezi;

Jayi nan mwen kou yon pwi;

Se lavi ki p ap fini.

← Previous song80Jezi rélé-n nan tout toumanNext song →Kouté!Anj yo ap chante82