Chant d’Espérance
HymnsBibleMeditationsSearch
Chant d’Espérance

Christian hymns and songs collection

Available on

Download on the App StoreGet it on Google Play

Quick Links

  • Chant d'Espérance Hymns — Complete Lyrics
  • Read the Bible in French & Creole
  • Search Hymns by Title or Number
  • About Us
  • Support
  • Mobile App

Legal

  • Privacy Policy
  • Terms of Service
© 2026 Cesperance.com. All rights reserved.Built by D7 Labs
  1. Home
  2. Chant D'Espérance
  3. 123 - yon pov te sèl, a koté gran chémin a
Chant D'Espérance

123 yon pov te sèl, a koté gran chémin a

1

Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an,

Li te avèg, li pa te kapab wè;

Rad li chire, li tranble nan lonbraj la,

Jezi vini, tenèb li vin limyè.

Kè

Lè Kris vini, pwisans satan fin brize;

Lè Kris vini, dlo nan je yo siye.

Li pran tristès,

Lavi nou plen ak lajwa;

Nou vin chanje lè Kris vini rete.

2

Move lespri te chase l lwen lakay li,

Pami tonm yo, l te rete nan mizè.

Li koupe kò l lè demon yo anpare l,

Jezi vini e lage li menm lè.

3

Enpi! Enpi! Lepre a te nan touman,

Soud e bebe, yo pa t ba l èd ditou,

Lafyèv nan zo l, maladi fin kaba yo;

Jezi vini, li wete tout freyè.

4

Kè yo te tris lè yo mete l nan tonm lan,

Paske lanmò te wete tout espwa;

Yo te an dèy e je yo te tou plen dlo,

Jezi vini, penn yo chanje an jwa

5

Konsa lèzòm twouve Sovè a gen fòs;

Yo pa t kapab venk pasyon ak peche,

Kè yo brize, kite yo tris e tousèl,

Jezi vini, li vini pou rete.

← Previous song122An-n chante louanj Bondye papa nouNext song →mwen te fi-n pèdu124